🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 103

Adore Li! Jezi, Redanmtè, beni nou

Kreyòl
Couplet 1

Adore li! Jezi, Redanmtè beni nou

Chante lanmou l, anonse l toupatou.

Adore li! Zanj yo ki pi wo nan Syèl la;

Fòs e lonè pou Jezi, Sovè a.

Kon yon Bèje, Jezi veye pitit li,

Toujou l ape pote yo nan bra li.

Adore li! Pale sou gras li montre nou;

Adore li! Nan chan jwaye chak jou.

Couplet 2

Adore li! Jezi Redanmtè n'ap beni;

Pou peche nou, li te soufri, mouri.

Li se wòch nou, espwa lavi etènèl la;

Adore li! Jezi krisifye a.

Chante louwanj li, Jezi pote tristès nou.

Lanmou Jezi mèvèye, san fen tou.

Adore li! Pale sou gras li montre nou;

Adore li! Nan chan jwaye chak jou.

Couplet 3

Adore li! N'ap beni sèl redanmtè a;

Jouk pòt Syèl la y'ap tande Ozana!

Jezi, Sovè, va renye pandan tout syèk yo

Kouwone li Pwofèt, e Prèt, e Wa.

Kris ap vini Gran Chèf sou tout latè a;

Pou Jezi, tout pisans avèk tout glwa.

Adore li! Pale sou gras li montre nou;

Adore li! Nan chan jwaye chak jou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🎵 Louange et adoration