Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 106
Men yon bèl istwa: Kris te kite tout glwa
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Men yon bèl istwa:
Kris te kite tout glwa
Li te konnen nan Syèl;
Non li: Emanyèl.
Lè l fèt nan krèch la,
Moun yo pa t konprann sa;
Sou latè li pase anpil traka.
Ala m renmen li! Mwen adore li!
Jezi se tout sa kè mwen bezwen.
Gran Kreyatè a te vin sove mwen;
Mwen konnen Bondye nan Jezikri.
Li te imilye l pou nou kapab rachte;
Lè nou te nan fènwa,
Lè nou te san espwa,
Bondye nan gras li
Te kite tout glwa li;
Li te vin chache e sove nanm mwen.
Nan gran bonte li,
Pou nou Kris te soufri;
Sou fòm yon nonm li vin
Pou montre plan Sali;
Se yon gran mistè sakrifis sou Kalvè;
Kris sèl konn satisfè bezwen kè mwen.