🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 123

yon pov te sèl, a kote gran chemen a

Kreyòl
Couplet 1

Yon pòv te sèl, chita bò gran chemen an,

Li te avèg, li pa te kapab wè;

Rad li chire, li tranble nan lonbraj la,

Jezi vini, tenèb li vin limyè.

Refrain

Lè Kris vini, pwisans satan fin brize;

Lè Kris vini, dlo nan je yo siye.

Li pran tristès,

Lavi nou plen ak lajwa;

Nou vin chanje lè Kris vini rete.

Couplet 2

Move Lespri te chase l lwen lakay li,

Pami tonm yo, l te rete nan mizè.

Li koupe kò l lè demon yo anpare l,

Jezi vini e lage li menm lè.

Couplet 3

Enpi! Enpi! Lepre a te nan touman,

Soud e bebe, yo pa t ba l èd ditou,

Lafyèv nan zo l, maladi fin kaba yo;

Jezi vini, li wete tout freyè.

Couplet 4

Kè yo te tris lè yo mete l nan tonm lan,

Paske lanmò te wete tout espwa;

Yo te an dèy e je yo te tou plen dlo,

Jezi vini, penn yo chanje an jwa

Couplet 5

Konsa lèzòm twouve Sovè a gen fòs;

Yo pa t kapab venk pasyon ak peche,

Kè yo brize, kite yo tris e tousèl,

Jezi vini, li vini pou rete.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible