🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 130

Koute Jezi ape rele

Kreyòl
Couplet 1

Koute Jezi ape rele,

Li konn mouton l yo nan danje,

Li pale yo avèk lanmou,

Li gen espwa jwenn yo yon jou.

Refrain

Chèche yo, chèche yo!

Èske ou konnen pri yon nanm?

Chèche yo, chèche yo!

Kris mande pou yo tout ansanm.

Couplet 2

Anba soufrans, anba peche

Mouton yo santi y antrave;

Jezi mande nou ede li

Delivre ni gran ni piti.

Couplet 3

Èske Kris ka konte sou nou?

Èske nou vle sèvi li tou?

Pou di tout moun sa yo ki pèdi

Genyen delivrans nan Jezi.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :📣 Évangélisation et appel