🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 134

Lanmou Kris

Kreyòl
Couplet 1

Lanmou Kris chante pou tout moun tande,

Preche nouvèl sa nan tout kote;

Bondye a te voye sèl pitit Li,

Pou sa ki kwè nan li kapab sove.

Refrain

Lanmou Li mèvèye pou mwen

Lanmou Li mèvèye pou mwen

Jezi te si renmen m

Ke li te mouri menm;

Lanmou Li mèvèye pou mwen.

Couplet 2

Lanmou Bondye revele nan Jezi

Lè li te pre la mè Galile,

Li te peye fot mwen sou bwa kalvè,

Malgre Li pat janmen fè peche.

Couplet 3

Lanmou Kris ki soulaje tout tristès,

Lanmou Kris se proteksion nanm mwen,

Pran lavi m, kinbe tou sa mwen genyen,

Men mwen, Jezi, se ou mwen renmen.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible