🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 142

Syèl la si bèl, O Etènèl

Kreyòl
Couplet 1

Syèl la si bèl, o Etènèl,

Li pale nou sou laglwa ou,

Men gen yon bagay ki pi bèl:

Se lè je nou wè Pawòl ou.

Couplet 2

Bèl solèy la ki bay limyè,

Pèmèt nou wè gran pisans ou,

Men nan Bib la, liv mèveye,

Nou jwenn jistis ak lagras ou.

Couplet 3

Solèy, lalin, bèl zetwal tou,

Klere latè, lemonn antye.

Se konsa tou, verite ou,

Se pou tout moun sou latè.

Couplet 4

Levanjil la, mesaj lagras,

P ap janm kanpe, jouk lè tout moun

Vin jwenn ak Jezi fasafas

Li mouri pou l pa pèdi youn.

Couplet 5

Bon Jezikri, limyè lemonn,

Klere tout moun ak limyè ou.

Levanjil sajès pou tout moun,

Menm sa k rebèl, menm sa ki dous!

Couplet 6

Ala bèl bagay ou fè n wè,

Se lè lavi yon moun chanje.

Senyè, chanje m, ban m yon bon kè.

Nan Pawòl ou, ban kè poze.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.