Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 144
Vini pou chante
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Couplet 1
Vini pou chante
Avèk jwa nan kè nou.
Lè nou genyen jwa,
Bondye, nou kontan tou.
Couplet 2
Se Bondye ki fè
Ti zwazo yo chante.
Se li ki mete
Lajwa nan kè nou tou.
Couplet 3
Lè gen nyaj nan syèl,
Lè loraj ap gwonde,
Se pou nou sonje
Tou sa gen pou fini.
Couplet 4
Chante nan chemen
Ann fè kè nou kontan.
Chante jouk lafen,
Tristès pa pou lontan.
🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Flèches ◀ ▶ ou Espace pour avancer · toucher à droite / à gauche de l’écran · Échap pour sortir