🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 15

Mwen vle swiv Jezi jouk la fin

Kreyòl
Couplet 1

Mwen vle swiv Jezi jouk la fin.

Se li ki Senyè mwen!

Ma va persevere avek li;

Sa, se lide m pou tout lavi;

Le zot kapab fe sa yo vle.

M ap deside pou m genyen la pe.

Ma va mache avek Jezi –Kri,

Ma chache fe volonte li.

Couplet 2

Mwen konnen m-kapab gen febles,

Le m an fas gran detres.

Jezi promet ede ninpot ki;

Tout moun ki gen la fwa nan li.

Jezi kinbe m avek men.

Pa gras li, yon peche ka vin-n sen.

Tout konfians mwen, se nan li menm,

Kon sa ma swiv li jouk la fin

Couplet 3

Tout moun yo kap swiv Jezikri

Doue konprann ya soufri.

Satan va okupe tante yo

Pou fe yo swiv chemin ki fo.

Men se Jezikri ki Met,

Se li ki te gen yon viktwa net.

Ma va mache avek Jezikri,

Ma chache fe volonte li.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible