🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 17

Mwen biin kontan ke Papa mwen nan syèl

Kreyòl
Couplet 1

Mwen biin kontan ke Papa mwen nan syèl,

Pale nan liv li, pou di m li renmen m.

Nan Paròl li, m-jwenn anpil bèl bagay;

Sa ki pi bèl, sè ke Jezi renmen m

Refrain

A la m-kontan oue Jezi renmen m,

Jezi renmen m, Jezi renmen m;

A la m-kontan oue Jezi renmen m,

Jezi renmen m tout tan.

Couplet 2

Menm si mwen blie l, pou m pèdi chemin,

Ninpot ki kote m-ale, li renmen m.

Ma tounin kay li, kache m nan bra l yo,

Lè ma sonje ki jan Jezi renmen m.

Couplet 3

Jezi renmen m e m-konnen m-rinmin l tou,

Se lanmou li ki fè l vin pou rachte m.

Se lanmou li ki te fè l mouri tou;

Donk mwen asure ke Jezi renmen.

Couplet 4

Si moun ta mande m kòman mwen konn sa,

Laglwa a Jezi , mwen konnen sa trebiin.

Sint-espri Bondye pale nan kè mwen

Pou temwagne ke Jezi renmen mwen.

Couplet 5

Lè m rive nan syèl la, nan bonte li;

Si se yon sèl chan mwen kapab chante,

Men ki chan mwen pou tout letènite: Jezi renmen m se bagay mèveye.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible