Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 25
Te gen katre-vin-diz-nef mouton yo
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Te gen katre-vin-diz-nef mouton yo
bin gade nan pak la;
Men gen yon ki te pedu nan mò-n yo,
Lwen kay kap protejè l,
Lwen, lwen nan mò-n sovaj e san non,
Biin lwen swen Bon Bèje ki renmen li,
Biin lwen swen Bon Bèje ki renmen li.
Senyè, ou gen la katre-vin-diz-nef,
Sa pa asee pou ou?
Men Bèje a te reponn: Mouton pa m
Te egare lwen mwen.
Menm si chemen an du anpil, anpil,
M-ale nan dezè pou jwenn mouton mwen
M-ale nan dezè pou jwenn mouton mwen.
Pa yon pami rachte yo janm konprann
Jan dlo a danjere,
Nuit le lè Senyè tap travèse l,
Pou jwenn mouton pèdi.
Lwen nan dezè a, li tande l kriye,
Malad, san sekou, tou pre pou mouri,
Malad, san sekou, tou pre pou mouri.
Senyè pouki gen tach san tou patou
Nan tout rout nan mò-n yo?
San sa a te vèse pou yon mouton
Pèdi malgre Bèje l.
Senyè, pouki men ou yo tout blese?
Asouè a anpil pikan pèse yo!
Asouè a anpil pikan pèse yo!
Patou nan mo-n yo, nan mitan tonnè,
Epi nan chemen ròch,
Yo tande yon rèl sòt jouk nan syèl la: Rejwi, mwen jwenn mouton m.
Anj yo repete devan tron Bondye:
Rejwi! lè Senyè tounin ak mouton l,
Rejwi! lè Senyè tounin ak mouton l