🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 39

Moun yo ki obeyi

Kreyòl
Couplet 1

Moun yo ki obeyi,

E kap swiv Jezikri,

Yo kontan e trezò yo an ro.

Le zòt yo pa konnen.

Ni la lajwa ni la pè

Nan kè tout moun kap swiv Sovè yo. (2 fwa)

Couplet 2

Pandan tout la jounnin,

Se non Kris m ap chante.

Mwen ta souete tout moun konnen Li.

Mwen sètin li renmen m;

Li mouri pou sove m

Avèk tout moun kap vini jwenn Li.

Couplet 3

Se yon favè diven,

Se yon gran lajwa san fin;

Jezi rete nan kè m, mwen konn sa.

Mwen posede Sovè m.

Mwen konnen li beni m

Kòm si tout lanmou Bondye te la. (2fwa)

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible