🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 47

Tout moun ki rete sou la tè

Kreyòl
Couplet 1

Tout moun ki rete sou la tè,

Chante lè Senyè ak tout vwa;

Sèvi l ak krint, fè lwanj li,

Devan li chante avèk lajwa.

Couplet 2

Nou konnen Se Bondye li ye;

Nou pat ede l lè li fè nou.

Li a nouri nou, se pa l nou ye;

Tankou mouton l li minnin nou.

Couplet 3

Antre nan pòt li ak lwanj;

Avèk lajwa, proche tanp li tou;

Beni non li tankou lè zanj,

Se bon pou nou fè kon sa toujou.

Couplet 4

Pouki? Paske Bondye nou bon,

Lanmou li rete fidèl toujou.

Tou sa li di, li fè l tout bon;

Paròl Bondye sètin toujou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible