Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 52
O gran lanmou ki te rachte m
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
O gran lanmou ki te rachte m
Nan peche a.
Koupab e sal jan mwen te ye
M-pat gen espwa.
Lè sa m-te nan yon gran fè nwa
O ki gran jou!
Li leve nanm mwen nan lan mò,
Ki gran lanmou!
Ki gran amoun pou rachte nanm mwen,
Ki gran lanmou pou geri kè mwen.
Lanmou sa voye Senyè m mouri.
Ki gran lanmou! Adore sen non Li.
Lanmou sa fè Sovè m mouri
Sou bwa kalvè
Pou peche ki rebèl kont Li.
Kouman sa ye?
Lanmou fè pon ant mwen ak syèl,
Li pou mwen tou,
Mwen padonnin, mwen pa tou sèl,
Ki gran lanmou!
Lanmou te louvri pòt limyè
Rwayom syèl la.
Jezi va parèt la an lè,
Li a resevwa m.
Lanmou te leve m nan malè.
A la yon jou!
Pat gen lot èd sou tout la tè,
Ki gran lanmou?