🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 61

Sere m pi pre ou, tou pre kè ou

Kreyòl
Couplet 1

Sere m pi pre ou, tou pre ke ou.

Ou se trezo mwen e ou Sove m tou.

Kenbe m, o Kenbe m, Bondye damou.

Fe m jwenn yon kote pou m kache nan ou. (2 fwa)

Couplet 2

Sere m pi pre ou; mwen pa anyenn.

Mwen pa gen ofrann pou Jezi, Wa mwen;

Selman yon ke ki tou plen peche.

Lave m, Jezi, san ou koule pou mwen. (2 fwa)

Couplet 3

Sere m pi pre ou; mwen pa anyen.

Se pa pou monn sa ke mwen gen dezi.

Mwen lage peche ak tout logey.

Ban m Selman Jezi, Senye m krusifye. (2 fwa)

Couplet 4

Sere m pi pre ou, pandan vi sa,

Jouk tan mwen la avek ou nan la glwa,

Pou mwen rete toujou avek ou,

Pi pre ou Sove m, pi pre ou toujou. (2 fwa)

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible