Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 71
An ro mòn Kalvè yo te plante yon kwa
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Couplet 1
An ro mòn Kalvè yo te plante yon kwa,
Ki te leve yon mòn meprize.
Men nòm sa a te pitit unik Bondye,
Ki mouri pou nou kapab sove.
Refrain
Kris pann sou lakwa,
Sa se sujè chan mwen,
Kris sa a li biin mèveye.
Li rachte sa-k pèdi,
Li te peye tout pri.
Laglwa a Jezi, kloue sou lakwa
Couplet 2
Lè zòm pat konnen sa yo tap fè lè sa;
Kris di: Padonnin yo, souple.
Yo pa te konnen menm kwa ku meprize,
Se te lakwa Kris glorifie.
Couplet 3
Lè zòt yo adore lakwa Kris sèlman,
Sujè mwen, se Kris sou lakwa.
Se pa nan bwa lakwa puisans la rete,
Men se Kris sèl ki bay viktwa.
🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Flèches ◀ ▶ ou Espace pour avancer · toucher à droite / à gauche de l’écran · Échap pour sortir