🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 77

Gen yon zanmi, yon bon zanmi

Kreyòl
Couplet 1

Gen yon zanmi, yon bon zanmi,

Li renmen m depi tout tan.

Li genyen kè mwen ak lamou,

Li tankou chinn pou kinbin m.

Pèsòn pa kap kase chinn nan,

Li kenbe m pa lamou li.

Mwen pou Li menm, Li pou mwen tou,

Pou tout tan e pou tout tan.

Refrain

Mwen pou Li menm, Li pou mwen tou,

Pou tout tan e pou tout tan.

Couplet 2

Gen yon zanmi, yon bon zanmi.

Li te mouri pou sove m,

Li te ban mwen, avèk lavi,

Yon lòt kado, se Li menm!

Tout sa m genyen, se pa pou mwen,

Tout bagay se pou Zanmi m;

Kè mwen, e vi m, tout se pou Li,

Tout se pou Li pou tout tan.

Couplet 3

Gen yon zanmi, yon bon zanmi,

Li gen bon kè, Li janti.

Li se yon gid, yon konseye,

Epi li konn defann mwen.

Ki moun kapab separe mwen

Avèk Li menm kap renmen m?

Ni nan lan mò, ni lanfè menm!

Non! Mwen pou Li pou tout tan.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible