Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 89
Mwen tap neye nan peche
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Mwen tap neye nan peche
Byen lwen la pe Bondye;
Nanm mwen kit e tout tache
Tap koule san leve.
Jezi ki tape veye m
Le Li tande rel mwen
Li vi-ni tout suit ede m,
Li sove mwen.
Jezi sove m! Jezi sove m!
Le mwen te san sekou, Jezi sove m!
Jezi sove m! Jezi sove m!
Le mwen te san sekou, Jezi sove m!
Oui, tout ke m mwen vle bay li,
Pou m toujou avek li,
Pou mwen viv nan prezans li,
Pou m chante lwanj li.
Lanmou li si bon, si gran!
Li merite tout vi m,
Pou mwen sevi li tout tan
M ap bay tout vi m.
Moun ki nan peche chache l,
Jezi vle sove ou;
Pou l pote, avek lanmou li,
Tout fado ki tro lou.
Li a sove ou nan tanpet,
Li a kache ou toujou,
Fotifye ou nan dizet,
Li a sove ou.