🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 96

Nan lè mon-n mwen te pèdi nan peche

Kreyòl
Couplet 1

Nan lemonn mwen te pèdi nan peche

Men Jezi te sove m, m ap ba li glwa,

Ak kòd plezi lemonn, mwen te mare,

Kris te fè m lib ak pisans li.

Refrain

Ala bèl jou, Jezi te jwenn mwen!

Ak gran pitye li te leve mwen;

Li te wete peche m, ak li m ap mache;

Mwen gen laviktwa

Ak lajwa nan nanm mwen.

Ala bèl jou, O alelouya!

Jezi jwenn toutbon sa k pou li;

Alò m a chante: Ozana, Ozana!

Lè m wè Jezi nan tout glwa li.

Couplet 2

Sete yon gran jou, Syèl la te plen jwa,

Nanm mwen menm tou, mwen te santi jwa sa a;

Depi lè a mwen toujou plen ak jwa,

Paske nan kè m Jezi se Wa.

Couplet 3

Sa va yon gran jou lè nou va ansanm,

Nan Syèl avèk Jezi pou letènite,

Pou nou rakonte istwa lanmou li

Pou n toujou adore non li.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible