Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 58
Otrefoi m-te kouche
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Otrefoi m te kouche,
e zie m louvri map panse
Ak kòmandman Jezikri te bay disip Li yo
Mwen t santi lè sa-a yon gran transfòmasion
Yon riviè tap koule nan zie mwen
Jezikri apran-n nou nou doue gen tèt ansanm
Pi gran kòmandman an,
Se renmen nou yon lòt.
Apran-n a padone-e tout frè tout sè ou yo
Men m lè yo meprize ou kon fatra
Ou pa vo anyen
Pa kriye pa plingnin, reziye ou frè mwen
Soufrans lan du se vre men pran kouraj.
Pataje ak frè ou, tristès li ak lapin-n
Se sa Jezi mande pou nou yon soufro pou lòt
Pa umilie frè ou, pa umilie sè ou
Nou tout an jeneral se pousiè.