🎵 Chants d’Espérance

Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 6

mwen pap kapab rete konsa

Kreyòl
Couplet 1

Mwen pa kapab rete konsa

San m pa panse avèk Jezi

Se Li men m ki te geri m

Lè m tap soufri ak maladi m nan

Doktè pat kapab fè anyen

Lajan pat kapab ban m lavi.

Refrain

Si m pa panse avèk Jezi

Avèk ki lès pou m ta panse.

Couplet 2

A la ingra m ta ingra

Pou m pa ta loue non Jezi m nan

Paske lè mwen te malad

Se Li men m ki te geri mwen

Sa se mo temwayaj mwen

Pou sa Jezi fè pou kè mwen

Nou men-, kap soufri jodi-a

Gen yon jou na delivre.

Couplet 3

Mwen sonje lè m gen lajan

Mwen te gingnin anpil zanmi

Kounie-a m-vi'm malere

Tout zanmi m yo kite mouim

Depi mwen rankronte Jezi

Tout bagay yo te vin chanje

Sanatori-òm zanmi bliye ou

Jezi Li men m Li toujou la.

Couplet 4

Zanmi mwen yo nan lè Senyè

An nou mare sintu nou fò

Pou-n pa kite tribulasion

Fè nou bliye Jezi Sovè-a

Men m si lè mon-n ap kritike-n

Yo di se tèt mare nou ye

An nou repon-n ak jantiyès

Nou se tèt mare pou Jezi.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible