Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 61
mwen vle rakonte sa
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Couplet 1
Mwen vle rakonte sa Kris fè pou mwen
Depi Li te jwen-n mwen, afè m tout chanje
Nan prizon diab la, Kris ban m libète
Oui Jezi te delivre m.
Refrain
Jezi te delivre m, Jezi te delivre m
Tenèb peche tounin nan bèl klate
Oui Jezi te delivre m.
Couplet 2
Chanalite fè m bliye gras Bondye
Sousi lavi te fè mwen pè lan mò
Jezi sove m e mwen pa pè ankò
Oui Jezi te delivre m.
Couplet 3
Sa Kris fè pou mwen, la fè l pou ou tou
Levanjil la se pou tout moun tout patou
Sa l fè pou mwen, Li a fè l pou ou tou
Oui Jezi te delivre m.
🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Flèches ◀ ▶ ou Espace pour avancer · toucher à droite / à gauche de l’écran · Échap pour sortir