🎵 Chants d’Espérance

Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 67

Konfie m nan Dye

Kreyòl
Couplet 1

Konfie m nan Dye ninpòt kòman mwen ye

Ni sou la tè, ni sou la mè trouble

Nan tout traka nan lavi sa

Papa m nan syèl la ape veye mwen.

Refrain

Konfie m nan Dye

M-konnin L-ap pran swen mwen

Nan dezè-a ou nan move chemen

La mè pouse m Bondye kenbe m

Papa m nan syèl la ape veye mwen.

Couplet 2

Li gade flè yo nan chan tou patou

Li pran swen zwazo kap chante pou nou

Jiska la fin, L-ap veye mwen

Papa m nan syèl la ape veye mwen.

Couplet 3

Rout la kapab du e nuaj yo kouvri mwen

Bèje ya gade mouton l jouk la fin

Aprè mon-n sa-a, na wè syèl la

Papa m nan syèl la ape veye mwen.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible