Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 74
Distans m-rive
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Distans m-rive santi m pap kap tounin ankò
Mwen pap tounin, mwen pap tounin
Men m si loraj, danje menase, frape mwen
Ankò mwen di, mwen pap tounin.
O non, non, non mwen pap tounin
Paske anro ki atire m
Deja avion mwen dekole
Depase pwen pou m pa tounin.
Lè mòn-n ak plezi l yo rele legliz tounin
Anro rele m pou m pa tounin
Men m si nuaj yo leve esprè pou vin bare m
Yon pa ankò map wè Sove-a.
Lè gro van tanpèt yo leve kont mwen
Legliz kanpe sou yon sèl mo
M-deja pati pou yon dikte lòt moun anro
Kote mèt mwen ap di bravo.
Min-n si anpil lòt yo tonbe nan rout chak jou
Legliz Kris la pa chavire
Pilòt la trè sètin enmi ap ranvèse
Lè-a sonnin fòk nou monte.