🎵 Chants d’Espérance

Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 79

Pouki moun palè kristal sa?

Kreyòl
Couplet 1

Pouki moun palè kristal sa-a?

Se pou mwen ak Jezikri!

Pouki moun fotèy an nò yo?

Se pou mwen ak rachte yo!

Refrain

Se yon bèl palè kristal

Avèk anpil chèz an nò,

Pou tout moun ki vle ale

Avèk Senyè Jezi.

Couplet 2

Jeruzalèm nan bèl anpil,

Li pi bèl pase diaman

Li soti kote Bondye men m

e li gen tout laglwa Bondye.

Couplet 3

Pa bezwen solèy ak lalu-n

Pou klere nou jou e nouit

Men la laglwa Bondye va briye

ekla Li va yon flanbo.

Couplet 4

Pap gen krint, doulè ak touman

Ni lanmò, ni maladi.

Medizans, kout lang va fini

Se lwanj, lanmou san fin.

Couplet 5

A la yon bèl jou sa va ye,

Lè tronpèt la va sonnin

Pou tou mò nan Kris yo leve

Pou y-al rankontre Jezi.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🕊️ Funérailles et consolation