Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 81
gen yon bon Papa
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Gingnin yon bon Papa
Ki konnin fè tout mirak;
Li kon-n geri malad
Li kon-n sove na m yo
Li kon-n chase tristès
e Li resusite mò
Li kon-n chase peche,
O Li kon-n sove nan m yo.
Se Jezi bon Mèt la ki kon-n fè toutmirak
Li kon-n ge malad, Li kon-n chase demon
Jezi bon Sovè-a
Kon-n leve men m moun mouri
Men m tanpèt avèk van
Li gingnin pouvwa sou yo
Yon jou Li tap mache,
Li rankontre dis lepre;
Men lè yo wè Jezi, yo rele: Pitie pou nou!
Men yo te panse Li prale lapide yo
Men m lè-a kè l touche l,
Li gen konpasion pou yo
Li geri yo men m lè e yo vini purifie.
Yon jou l te sou lanmè
Avèk kèk nan disip yo
Yon tanpèt te leve, bak la prèt pou l chavire;
Li leve men l anlè, Li di van fè silans.
Yon jou, yo te minnin ba Li
Yon fan m adultè
Men yo te panse li prale lapide fan m nan
Lè Li gade fan m nan, Li gingnin pitie pou li
Li di l ou mèt ale men pa peche ankò.