🎵 Chants d’Espérance

Gloire à l'Agneau — Kreyòl · Chant nº 46

yon zanmi renmen m

Kreyòl
Couplet 1

Yon jou lèzòm ap peye

Byen chè tout rebelyon;

Yo mache nan lide yo,

Y ap pratike mechanste.

Bondye nan gran lanmou li,

Li mete levanjil

Kon yon lumyè sou latè,

Men lèzòm pa konprann sa.

Couplet 2

Te gen yon nonm kite rich

Yo te rele Nabal;

David te vin gen pwoblèm,

Li te frape pòt Nabal,

Malgre tout gran sèvis yo

David te rann Nabal

Lè li te nan dezè a,

Men Nabal te mepize l.

Couplet 3

Jezi di si w ta bay

Yon sèvitè l lamen

Ou mèt gen asirans

Se pou li menm ou fè sa.

Bondye nan lye sekrè a

Ape gade chak moun,

Malgre tout mechanste yo,

Men Bondye vle yo sove.

Refrain

Yon jou tankou Jodi a,

Jezi pral retounen;

Latè pral souke kò li,

Mechan yo pral tonbe. (2 fwa)

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible