🎵 Chants d’Espérance

Gloire à l'Agneau — Kreyòl · Chant nº 49

Minnin mwen, O Bon Sovè

Kreyòl
Couplet 1

Mennen mwen, o Bon Sovè !

Kondwi m nan chemen sali.

Avèk ou m pa bezwen pè.

Nan ou sèl mwen jwenn lavi.

Refrain

Jezi, Jezi, pa kite m, o Bon Sovè.

Fè m soti nan tantasyon.

Senyè fè m gen laviktwa.

Couplet 2

Jezi, pa kite m isi

Sou tè sa ki plen doulè.

San ou nan pwen lòt zanmi,

Men nan ou mwen jwenn bonè.

Couplet 3

Ou te leve m nan labou

Kote k te plen mechanste.

Wa fè m rive nan Syèl tou.

Se laglwa ou m a chante.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🙏 Prière