🎵 Chants d’Espérance

Gloire à l'Agneau — Kreyòl · Chant nº 66

Jezi ki renmen mwen

Kreyòl
Couplet 1

Jezi, Jezi, Jezi ki renmen mwen

Li vin sou la tè,

li ban mwen lavi

Li mouri pou mwen e mwen sove

Jezi resiste mò li te

geri malad yo

Li chase demon li fè

avèg yo wè

Li te geri leper yo e men m paralitik yo

Jezi bon Sovè ya

te fè anpil mirak

Refrain

O mwen renmen li map adore li

Map chante pou li se mèveye

Men yo te areteli yo minnin l tribunal

Yo te fè anpil ruz pou yo te pran l nan pièj

Jezi pa te koupab men yo te kondane li

Yo te krisifie li, li resisite

Kounye yal vivan map chante pou li

O oui mwen kontan li ban mwen lavi

Li mouri pou nou tout, li ban nou lavi

Nou gen rekonesans, map chante pou li

Jezi, Jezi

Si se pou Jezi nou ap chante

Men si se nan Jezi nou mèt danse Jezi, Jezi

Li te mouri pou mwen, li te mouri pou ou

Sak fè li fè tou sa paske li renmen nou

Li ale nan syèl lap retounin ankò

Pou li kap vin chèche sa ki fè volonte l

Li fè nou promès sa se verite

Nou pa kap rete san-n pa chante pou Jezi

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🎵 Louange et adoration