🎵 Chants d’Espérance

Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 2

Bondye Ak mwen

Kreyòl
Couplet 1

Bondye ak mwen n-ap mache

Si byin ansan m,

Nou se zanmi intim, lanmou Li gran,

Nou koze souvan nan chemen lavi a

M pa bezwen pè,

Li pran swen mwen tout tan..(bis 3 lign)

2.

Bondye ak mwen n-ap mache

Si byin ansan m,

Tout bagay konkou ansan m

Pou byin mwen,

Li toujou la, malgre mwen pa kapab wè Li

Li egzante mwen nan move chemen.

(3 lign 2 fwa)

3.

Bondye ak mwen n-ap mache

Si byin ansan m,

Li fè m konnin tout plan selès Li fè,

Li ba mwen fòs pou mache nan lavi sa a

M-a rejwi ak Li pou letènite. (bis 2 lign)

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible