🎵 Chants d’Espérance

Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 30

O Sekou

Kreyòl
Couplet 1

Nan mitan gro la mè

Ak tanpèt mwen te ye,

San sekou m-te pèdi

San la fwa san limyè,

Tout a kou mwen wè yon

Gro bato ap pase

Mwen ranmase tout fòs mwen

E mwen te rele: «O sekou! O sekou!

Ki lès ki pou sove m? O sekou!»

2.

Se bato Levanjil, vapè byin ekipe

Ki tap minnin fidèl yo

Nan rwayòm Bondye,

Kapitèn bato a wè efò mwen tap fè,

Ak yon men byin an lè

Mwen te kriye trè klè: «O sekou! O sekou!

Ki lès ki pou sove m? O sekou!»

3.

Tout suit bato sovtaj

Fè mwen repran-n kouraj,

Nan gran bonte Li,

Chèf la pran ka mwen an chaj,

Kounye ye a mwen kontan

E za fè mwen regle,

Paske gran Sovè a rive kote m te ye,

Laglwa a Dye! Laglwa a Dye!

Konsa a nan m mwen chante:

«Laglwa a Dye!»

4.

Ami dekouraje, ki pa konnin la pè,

Kap fè nofraj anba terib la mè peche,

Senyè mwen dispoze sove ou si ou vle

Vin chèche sekou Li kounye ye a san dèle,

Li sove m! Li sove m!

Ak la lajwa map chante: «Li sove m!»

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible