Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 33
mwen gen yon Anvi Nan Kè mwen Jezi
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Mwen gen yon anvi
Nan kè mwen pou Jezi
Mwen gen yon anvi nan kè mwen pou Li
Malgre mwen konnin
Mwen gen yon anvi nan kè mwen pou Li:
Konbyin mwen anvi Jezi,
Mwen gen yon anvi nan kè mwen pou Li,
Pou mwen tou prè Li prezans Li,
Mwen gen yon anvi nan kè mwen pou Li.
2.
Mwen ta kontan
Pou mwen mache ak Jezi,
Mwen ta byin kontan pou ba Li la men,
Sepandan mwen konnin
Li la pou gide m,
Mwen konnin lanmou Li pap jan m lage m.
3.
Pou nou-min'm ki pa ko
Konnin Jezikri,
Nou manke pi gran la lajwa ki gingnin,
Vin resevwa Li kom Sovè e Mèt nou
Li vle wete nou anba kòd peche.