Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 5
Lè m Fini Pase Rout lavi Sa
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Va gingnin yon limyè sòti palè anlè
Lè m fini pase rout lavi sa,
Soulajman tout fado ape tan-n mwen anro,
Lè m fini pase rout lavi sa.
Lè vwayaj la fini epi jou mwen rive
M-a rantre nan demè selès la,
Ka Sovè mwen renmen ape
Tan-n la pou mwen,
Lè m fini pase rout lavi sa.
2.
Malgre rout la move byinto m-a va chante
Lè m fini pase rout lavi sa,
Si mwen pèsekute, Kris va fè mwen bliye,
Lè m fini pase rout lavi sa.
3.
Pòt syèl la va ouvri e m-a wè Jezikri,
Lè m fini pase rout lavi sa,
M-a va adore Li pou yon si gran salu,
Lè m fini pase rout lavi sa.