🎵 Chants d’Espérance

Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 50

mwen vle lavi m Konte Pou Jezi

Kreyòl
Couplet 1

Pami lè mon-n kap vwayaje

San kalkule letènite,

Men tout anbision mwen gingnin

Mwen vle lavi m konte pou Jezi.

Refrain

Mwen vle lavi m konte pou Jezi,

Mwen vle lavi m konte pou Jezi,

Ninpòt kote m-ale,

Se Kris yo kapab wè,

Mwen vle lavi m konte pou Jezi.

2.

Mwen vle sèvi kom yon flanbo

E klere rout pou lèz òt yo

Jouk lè mwen rive nan tonbo

Mwen vle lavi m konte pou Jezi.

3.

Mwen vle kache m nan Jezikri

E fè sèlman sa Li va di

E prezante lè vrè salu

Mwen vle lavi m konte pou Jezi.

4.

Lonnè, lajan, mwen pa anvi,

Men pito la pè de Jezi,

Nan ninpòt vil, ninpòt peyi

Mwen vle lavi m konte pou Jezi.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🙌 Consécration