🎵 Chants d’Espérance

Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 53

Nan Pi Fon Kè mwen

Kreyòl
Refrain

Lè mwen ouvri pòt kè mwen ba Jezi

Li ba mwen yon lajwa mèveye,

Se yon lajwa ki va dure tout tan

Se sou Jezi li konsantre.

Refrain

Nan pi fon kè mwen

Lamou Jezi ape chante,

Refrain

Nan pi fon kè mwen

La pe ak la lajwa ap pouse

Refrain

Nan pi fon kè mwen

Lesperans ape soulaje,

Lajwa, pè, lanmou, esperans,

Refrain

Nan pi fon kè mwen.

2.

Li ba mwen yon kalite la pè

Ki va supòte tout detrès,

Akòz mizèrikòd infini

M-ap joui yon lanmou ki selèst.

3.

Li ba mwen yon pafèt esperans,

Ke yon jou figu Li ma wè,

M-ap fè rout mwen plin ak rejouisans

Ak la lajwa, lesperans, la pè.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible