🎵 Chants d’Espérance

Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 60

se Nan Jezi gen Abondans lavi

Kreyòl
Couplet 1

Nan Kris e nan Li sèl na jwen-n vrè lavi

Se gras a Li, vie natu a mouri,

Li rachte mwen nèt, ni kò, nan m, ni Lespri

M-a viv, men pa mwen-min'm, se Jezikri.

Refrain

Abondans lavi, mape jwen-n nan Li,

Li a transfòme mwen, pou m sèvi Li byin,

San Li te rachte mwen

Li ba mwen Lespri-sin,

Se nan Jezi gen abondans lavi.

2.

Se Sint-espri ki fè m aksepte Jezi,

Li fè m konfie nan promès Bondye tou.

De laglwa an laglwa Lap chanje m nan imaj Li

Lanmou Li devlope pi plus chak jou.

3.

Dlo a ki nan sous lavi ap debòde,

E se li ki pote benediksion.

Se lavi an n-abondans L-ap transpòte,

Li bay lamou, la lajwa, pè ak padon.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible