🎵 Chants d’Espérance

Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 78

anyen Pa Ta Inposib

Kreyòl
Couplet 1

Mwen li bèl promès Bondye

Nan Paròl Li

Ke Li kapab fè tout bagay,

«Nan mwen anyen inposib

pou mwen», Li di,

si nou konfie nan Paròl mwen.

Refrain

Anyen pa ta inposib,

Lè konfians nou nan Bondye.

Anyen pa ta inposib

Lè-n konfie nan Paròl Li,

Koute la vwa lè Senyè ankò,

«Anyen pa ta inposib pou Mwen»,

mete kofians ou nan Bondye,

E kwè nan Paròl Li,

Oh anyen, oh anyen, oh anyen

Pa ta inposib pou Dye.

2.

Paròl Bondye di, Tout bagay se posib,

Promès yo pou ou, sèlman kwè,

Kwè tout sa Li di paske Bondye fidèl,

E sa Li promèt, Li kapab fè.

3.

Paròl Bondye se yon lank byin asire,

Nan mitan anraje.

Paske nan feblès nou kapab souvan fayi,

Men Paròl Bondye rete fè m.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible