Haïti Chante avec Radio Lumière — Kreyòl · Chant nº 88
A La yon Gran
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Senyè Bondye mwen sezi nan prezans ou
Lè m wè mon-n sa ke men Ou te kreye
Zetwal yo la, mwen tande loraj gronde,
Se puisans Ou tout lunivè montre.
Alò nan m mwen chante devan Bondye
A la Ou gran, a la Ou gran,
Alò nan m mwen chante devan Bondye,
A la Ou gran, a la Ou gran.
2.
Lè mwen sonje Bondye bay sèl Pitit Li
Pou l vin mouri, se sa ke touche kè m
Sou bwa Kalvè Li pote tout fado mwen,
San Li koule pou wete tout peche m.
3.
Lè Kris parèt anj yo va admire Li
Li a pran m nan syèl nan rejouisans tout tan,
Ma prostène nan pie l pou adore Li,
E proklame, Bondye, a la Ou gran.