La Voix du Réveil — Kreyòl · Chant nº 16
yon Chan Lwanj
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Kè mwen boulvèse anba kolè Bondye,
Anvi mon-n nan trinnin m nan bafon peche
Senyè, pou yon pov mizerab gen pitie,
Tou souit Li vin sekouri m kote m te ye.
Li retire m nan boubie peche,
Li mete piè m sou tè fèm se vre,
Li fè kè m rejwi e m-a chante
Yon chan, laglwa a Dye, Alelouya.
2.
Li te mete m sou tè fèm a kote Li
Pie mwen vin asire nan chemen lavi,
Nan pwen danje ankò, Li kenbe m debou,
Map mache pa-za-pa avèk Li toujou.
3.
Li mete yon chan lwanj andan kè mwen
Nan nuit kou la jounin se Li m-a chante
Kè mwen ap debòde, nanm mwen afranchi,
Tout laglwa pou Redanmtè, Senyè Jezikri.
4.
M-a chante gran mizerikod Li pou mwen,
Map felisite l jouk tan tout moun konnin
Nan pwen lòt salu pou le-zòm jodi a,
Vin chèche sekou Li avan li tro ta.