🎵 Chants d’Espérance

La Voix du Réveil — Kreyòl · Chant nº 6

Lemon-n se pa lakay mwen

Kreyòl
Couplet 1

Lemonn se pa lakay mwen

Nan syèl mwen prale;

Trezò mwen ak kè mwen

Anwo yo tout fikse.

mwen tande zanj yo k ap

Rele mwen ale la,

E mwen pa ka santi m

Twò alèz isiba.

Refrain

Jezi ou konnen ou se sèl zanmi mwen,

Si m pa t gen espwa syèl,

O Senyè, sa m ta fè?

Mwen tande zanj yo

K ap rele mwen anlè a,

E mwen pa ka santi m

Twò alèz isiba.

Couplet 2

Mwen konnen mwen pa bon,

Mwen fè anpil peche,

Men mwen gen tout espwa

Paske Kris se Sovè m;

Se li men ki te mouri

Sou bwa Kalvè a

E Li te sove nanm mwen pou letènite.

Couplet 3

Mwen gen kèk byenneme

Ki al nan syèl deja;

Yo nan bra Jezikri

E y ape tann mwen la.

Mwen vle kontinyegen

Lite kon yon bon sòlda

Men Jezi, lè Ou rele m,

M a vini avèk jwa.

Couplet 4

(This World in not my home)

(Youth Sings, No 111)

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🕊️ Funérailles et consolation