🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

L'Ombre du Réveil — Kreyòl · Chant nº 92

Kris te sanntifye mwen

Kreyòl
Couplet 1

Mwen renmen chante yon si bèl istwa,

Depi Kris te sanntifye mwen,

E nanm mwen te jwenn yon kado, lajwa,

Depi Kris te sanntifye mwen.

Refrain

Mwen p ap janm bliye

Jou sa a Jezi sove m,

Jezi sove m, Jezi sove m

Mwen p ap janm bliye

Jou sa a Jezi sove m

Lè Jezi te sanntifye mwen.

Couplet 2

Tout dout ak krent mwen efase

Depi Kris te sanntifye mwen

Anfen li te konble m ak gras li

Lè Jezi te sanntifye mwen.

Couplet 3

Plezi lemonn vin pa enterese m

Lè Jezi te sanntifye m

Lespri Bondye vin abite nan mwen

Lè Jezi te sanntifye mwen.

Couplet 4

Mwen pa kapab vin yon tripotay sou frè m yo,

Depi Kris te sanntifye mwen,

Mwen pa kapab vin yon tripotay sou sè m yo,

Depi Kris te sanntifye mwen

Couplet 5

Kò mwen vini yon tanp pou Sentespri a

Depi Kris te sanntifye mwen,

Mwen pa ka viv nan peche sal ankò

Depi Kris te sanntifye mwen

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.