Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 11
Li ba nou plus gras
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Couplet 1
Li ban nou plis gras
Lè fado nou vin pi lou.
Li ban nou plis fòs
Lè travay nou pi rèd.
Nan mitan lafliksion
Eprèv ak danje yo
Nan lanmou, Li ban nou
Lapè ki pi dous.
Refrain
Lanmou Li san mezi,
Gras Li se pou tout moun
Pisans Li pi gran
Pase konesans nou.
Nan richès enfini
Li genyen nan Jezi
Li ban nou, Li ban nou,
Li ban nou toujou.
Couplet 2
Lè tout lanmou, tout pasyans
Nou gentan fini;
Lè nou pèdi fòs
Menm avan midi;
Lè nou manke kouraj
Pou mache nan wout Li;
Lè sa a Bondye kòmanse
Ban nou pisans Li.
🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Flèches ◀ ▶ ou Espace pour avancer · toucher à droite / à gauche de l’écran · Échap pour sortir