Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 21
Kote Min-d-èv Yo Pou Rekolte
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Kote konbit yo ki pou rekòlte,
Gran mwason pou nanm
Nan jaden peche?
Fòk nou byen pare ak laverite,
Ranmase rekòt pou letènite
Chèche travayè pou rekòlte,
Gran mwason pou nanm
Nan jaden peche?
Kilès k a ede m
Nan travay Bondye,
Egzante nanm yo nan jijman dife?
Travay la pral rèd, l ap fè cho anpil,
N a keyi nanm moun malgre gwo raje,
Pa kite yon sèl,
Paske tout pou Kris,
Tout efò nou fè, sonje Kris te fè plis.
Mwason an pare fòk nou rekòlte,
Travay la anpil, manke ouvriye.
Yon jou n a regèt si nou fè reta,
Vini bay konkou ou
Nan gran travay sa a.
Annou mete men
Senyè a vle sa,
Nou pa fin konnen
Valè yon sèl nanm
Yon jou mèt rekòt la va retounen,
Li vle nou rejwi ak Li pou toutan.
⏳ Préparer le chant suivant
Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.