🎵 Chants d’Espérance

Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 42

Gen Yon Non Mwen Renmen chante

Kreyòl
Couplet 1

Gen yon non mwen renmen chante,

Se yon non mwen p ap janm bliye,

Paske se grasa li m sove,

Non sa a se non Jezikri.

Refrain

O wi mwen renmen Jezi! (3 fwa)

Paske Li renmen m avan.

Couplet 2

Gòlgota mwen p ap janm blie,

Se la Kris mouri pou sove

Tout pechè ki vle vin lave

Nan san Li ki koule la.

Couplet 3

M ape sere Pawòl Bondye

Nan kè mwen pou mwen pa peche

Kont Jezi ki te sove nou

Lè Li mouri pou nou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible