🎵 Chants d’Espérance

Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 51

Monn Sa se Pou Papa m

Kreyòl
Couplet 1

Monn sa a se pou papa m

Se Li ki te fè li

Zwazo nan bwa chante ak jwa

Pou louwe bonte Li.

Refrain

Monn sa a se pou papa m

Se Li ki Tou Pisan

Syèl la, tè a ak lanmè a,

Tout di kijan Li gran.

Couplet 2

Monn sa a se pou papa m

M ap koute toupatou

Zetwal, solèy yo tout pale

Kijan Li renmen nou.

Couplet 3

Monn sa a se pou papa m

Ala kè mwen kontan!

Li renmen mwen jiska lafen,

Mwen pou Li pou toutan.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🎵 Louange et adoration