🎵 Chants d’Espérance

Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 56

Bib La Kanpe Fèm Kom yon Roch Solid

Kreyòl
Couplet 1

Bib la kanpe fèm kon yon wòch solid

Malgre lènmi atake l,

Mesaj li grave nan kè pechè yo

Pou ba yo lavi etènèl.

Refrain

Bib la kanpe fèm lè mòn yo tranble,

L ap rete solid si tè a deplase,

Annou baze lafwa nou sou li

Paske Bib la rete fèm.

Couplet 2

Bib la kanpe, l ap kanpe pou toujou,

Lè lemonn gentan pase,

Mwen vle obeyi tout prensip li yo,

Se sèl liv sa a ki inspire.

Couplet 3

Bib la pase tout eprèv nou ba li

Se pawòl Bondye li ye.

Ak gras, mwen vle viv daprè sa li di.

Wi, pawòl Bondye se pou mwen.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible