Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 58
Chak Moman Sovè mwen Minnin m
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Chak moman Sovè mwen mennen m;
Kisa mwen dwe tann ankò?
Mwen pa janm kapab doute lanmou L,
Wi, sa vo plis pase lò.
Lapè, syèl ak konsolasion
Ak lafwa mwen jwenn nan Li;
E nan tout bagay ki rive m
Mwen toujou wè Jezikri. (bis 2 liy)
Chak moman Sovè mwen mennen m;
Souri Li klere chemen m.
Li ban m gras pou tout eprèv mwen,
Pen ki sòti nan Li menm.
Malgre pye mwen souvan glise
E nanm mwen konnen swaf tou,
Sòti nan wòch la devan mwen
Sous la jayi nwit kon jou. (bis 2 liy)
Chak moman Sovè mwen mennen m,
Kè m ranpli ak lapè li;
Lanmou l va toujou anbrase m
Menm nan soufrans ak dizèt;
Lè mwen va monte nan syèl la
Kote Jezi ap tann mwen,
Chan sa a ma va chante toujou:
Li va mennen m jouk lafen. (bis 2 liy)
⏳ Préparer le chant suivant
Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.