🎵 Chants d’Espérance

Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 6

Bondye damou te renmen

Kreyòl
Couplet 1

Bondye lanmou an renmen

Tout pechè yo anpil

e Li te bay sèl pitit Li pou sove yo.

Se sou lakwa

Jezi te mouri yon jou

E Li te vèse san ni la pou nou.

Refrain

O alelouya, O glwa pou Jezi!

Paske mwen sove

Nan gran gras Bondye.

Li te pran peche m,

Li ban mwen lavi,

Kounye a m sove pou letènite.

Couplet 2

M te konn mache nan peche

Wouj mwen yo san fren,

Men limyè Bondye

Te rive klere m yon jou

Sentespri Li te

Fè m wè jan m te pèdi

E sa m dwe fè pou kite wout lanfè.

Couplet 3

Gras Bondye gen pou nou

Pa kapab janm fini

Li gen kont lanmou

Ki pou sove nou menm tou.

Vin louvri kè ou pou aksepte Jezi

E ou va rejwi nan syèl la ak nou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :📣 Évangélisation et appel