🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 67

Chemen An Pa Fasil

Kreyòl
Couplet 1

Chemen an pa fasil

Jouk nou rive nan syèl la,

Li genyen pikan e pyèj anpil.

Chemen an pa fasil

Men Jezi mache ak nou

Li rann kè nou toutafè trankil.

Refrain

Non, non, chemen an pa fasil (2 fwa)

Men Jezi mache ak nou

Li pote fado nou

Gras li fè kè nou rejwi anpil.

Couplet 2

Chemen an pas fasil,

Genyen eprèv, gen traka

Tout kote nou pase gen danje

Wout la mèt difisil

Si Jezi kenbe men nou

N a rete fèm lè pye nou glise.

Couplet 3

Kò nou konn fatige,

Dekouraje nan wout la

Epi Satan konn vin tante nou.

Men n ape tann Senyè nou.

K ap parèt nan glwa Li

L ape pran nou ak Li yon bèl jou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.