🎵 Chants d’Espérance

Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 80

Lè Kè Ou Fè Tris, O Gade Jezi

Kreyòl
Refrain

Lè kè ou byen tris, O gade Jezi,

Se pi bon zanmi ou ka genyen,

Ou va jwenn Jezi kanpe tou pre ou,

Pou konsole ou chak lè, chak jou.

Refrain

Kè w tris, di Jezi tout bagay, Ale kounye a,

Pa pran tan pou di Li tout,

Kè w tris, bay Jezi tout chay la,

Li va ranpli kè w avèk lajwa.

Couplet 1

Jezi bay lajwa nan plas gwo tristès,

Li bay soulajman nan plas lapenn,

Jezi se toujou gran doktè a,

Lè ou chèche L,

W a jwenn Li san dout.

Couplet 2

Jezi konnen nenpòt traka ou genyen,

E Li vle geri nanm ou twouble,

Eske w va gen konfyans nan lanmou Li?

Jezi sèl ka geri Lespri ou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible