🎵 Chants d’Espérance

Mélodies Joyeuses — Kreyòl · Chant nº 9

Jezi se Sovè Mwen

Kreyòl
Couplet 1

Jezi se Sovè mwen, m ape rete fèm

Mwen p ap manke anyen

M ape rete fèm

Kou yon pyebwa

Ki plante bò rivyè a,

Wi, m ape rete fèm.

Refrain

M ape rete, m ape rete fèm (bis)

Kon yon pyebwa

Ki plante bò rivyè a

Wi, m ape rete fèm.

Couplet 2

Jezi ban mwen lavi

M ape rete fèm

Kache anba zèl Li

M ape rete fèm

Kon yon pyebwa

Ki plante bò rivyè a,

Wi, m ape rete fèm.

Couplet 3

Ak yon lafwa vivan

M ape rete fèm

Gras Li rann mwen Pisan

M ape rete fèm

Kon yon pyebwa

Ki plante bò rivyè a,

Wi, m ape rete fèm.

Couplet 4

Nouri nan pawòl Li

M ape rete fèm,

Travay jouk Li vini,

M ape rete fèm

Kon yon pyebwa

Ki plante bò rivyè a,

Wi, m ape rete fèm.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible